Kisa Fabrik Atizay la ye ?

© La Fabrique des Arts 

Fabrik Atizay lanse ofisyèlman mèkredi 10 fevriye 2026 al nan yon konferans pou laprès nan lokal Sant Kiltirèl Pyepoudre, nan Pòtoprens.

Kisa Fabrik Atizay la ye ? Nan yon ti bat bouch ak direktris egzekitif la, Michèle Lemoine ki pale sou fonksyonaman objektif gro kokenchenn enstitisyon sa.

Centre d’Art (CDA) ._ Kisa Fabrik Atizay la ye ?

Michèle Lemoine (ML)._ Fabrik Atizay, se yon enstitisyon kiltirèl ki resevwa, nan men Agence française de Développement (AFD), yon finansman nan kad pwojè TANBOU a, ki gen pou objektif sipòte estriktirasyon endistri kiltirèl ak kreyatif ann Ayiti. 

Fabrik Atizay la dirije ak yon konsòsyòm ki gen twa òganizasyon ladan l : FOKAL, ki se lidè pwojè a, Le Centre d’Art ak Asosyasyon Quatre Chemins. Gen de operatè kiltirèl ki manm : konpayi BIT-Haïti  ak asosyasyon Tamise. Li ka entegre lòt manm nan lavni.

Fabrik la baze nan Vil Okay. Li dedye a kilti epi kreyasyon atistik. Se yon espas difizyon kilti ayisyèn nan ak lòt kilti yo, yon espas pou jwenn aksè a konesans; yon platfòm pou kreyasyon, fòmasyon pou atis, teknisyen atizay ak operatè kiltirèl; pou rankont ak echanj ant gwoup atistik yo, aktè ak ensitisyon kiltirèl yo, ak piblik nan rejyon an. Se yon espas pou devlopman kreyativite ak angajman sivik.

CDA ._ Kòman lide sa pran nesans ?

ML._ Yo te konsevwa Fabrique des Arts kòm yon espas fizik ki sitiye sou teren Le Centre d’Art a nan sant vil Pòtoprens. Objektif la se te pou etabli yon nouvo enstitisyon ki t ap ini itilizatè Le Centre d’Art yo, sipòte devlopman yo, epi ankouraje dyalòg antre yo; pou kreye yon sant referans pou kilti ayisyèn nan, yon platfòm pou devlopman pwofesyonèl atis ak operatè kiltirèl yo. 

Men, jan nou konnen an, gwoup ame yo pran kontwòl katye Bas-Peu-de-Chose, sa ki te rann reyalizasyon pwojè orijinèl la enposib. Nan mwa jen 2025, patnè pwojè a te oblije reyimajine Fabrique des Arts a sou yon lòt fòm : yon sèn demontab modilè k ap vini ak tout graden l epi ki pral enstale nan Vil Okay.

CDA ._ Depi janvye 2026, Fabrik la tabli kò li nan Vil Okay, poukisa chwa sa a ?

ML._ Kilti ak atizay dwe reziste. Li dwe adapte. E li pa oblije rete Pòtoprens sèlman. Atizay la pa gen kote, li pa oblije rete nan Kapital, paske li ka egziste tout kote. Paske menm nan peryòd kriz Ayiti ap travèse, nou te dwe chèche yon mwayen pou pwojè sa a te ka devlope kanmenm. Depatman Sid la, patikilyèman Vil Okay, te sanble pi bon chwa a pou enstale Fabrik la.

CDA ._ Fabrik Atizay la, ki reprezante atravè yon sèn demontab, ekipe ak son, limyè ak ekipman odyovizyèl. Kisa sa vle di ?

Depi fen janvye 2026, La Fabrique des Arts komanse pran rasin nan Okay sou yon lòt fòm : yon sèn ekteryè ak graden ki modilab, demontab, ki kouvri, ki ekipe ak son, limyè ak materyèl odyovizyèl. 

Li pral pèmèt akeyi pwojè atistik ki seleksyone a pati de dosye aktè kiltirèl Vil Okaya p ka prezante, keseswa nan domèn teyat, dans, slam, pwezi, mizik… Li pral yon espas pou fè atelye tou, konferans, projeksyon.

Nou pral etabli tou yon Biwo kote ekip Fabrik la ap ka travay, ki ka akeyi atis yo ki vle prezante pwojè yo, pou nou ka diskite avèk yo sou pwojè yo prezante, wè ki bezwen teknik yo genyen, ki plan kominikasyon yo vle elabore.

Nou espere Biwo sa a nan Okay pral tounen yon espas akeyan pou tout kominote atistik nan zòn nan.

CDA ._ Kòman Fabrik la fonksyone ? Se yon espas ki louvri pou tout moun nan jou ouvrab ? 

ML._ Biwo Fabrik atizay pral fonksyone nan jou ouvrab. Nou pral resevwa moun sou randevou. Sèn lan ap fonksyone nan lè abityèl pou reprezantasyon spektak yo. Pou repetisyon ak travay preparasyon aktivite yo, nou pral elabore yon planing pou chak pwojè.

CDA ._ Kòman Fabrik la soutni atizay ak atis nan peyi a ?

ML._ Nou pral eseye tande, konprann, ede yo nan developman pwojè yo. Nou pral pwopoze mwayen, tan ak espas pou travay. Nou pral pwopoze yon apwi teknik ak fomasyon. Nou pral pwopoze yon espas ak moyen teknik pou difizyon kreyasyon atistik. 

An menm tan, nou vle fè yon travay kominikasyon ak enfomasyon pou piblik la, espesyalman nan lekòl ak inivèsite yo, pou fasilite epi ankouraje aksè popilasyon an nan atizay ak kilti.

CDA ._ Kiyès moun (Ayisyen, Etranje ) ki ka benefisye pwojè espas Fabrik la ?

ML._ Nou espere pi plis moun posib kapab benefisye espas Fabrik des Arts a : operatè kiltirèl, atis, teknisyen, gran piblik la an jeneral, jèn, ekolye ak etidyan yo espesyalman.

CDA ._ Kòman atis, operatè kiltirèl kapab kontakte nou epi jwenn sipò Fabrik la ?

ML._ Pral gen yon fòm kontak k ap disponib sou sitwèb Fabrik la lè li pral fonksyonèl. Adrès la ak nimewo telefòn nan ap pibliye lè Biwo a ap louvri. Nou pral resevwa vizitè sou randevou nan Biwo Fabrik la nan jou ouvrab yo.

CDA ._ Ki diferan projè Fabrik la deja mete sou pye ?

ML._ Fabrik Atizay fèk lanse, li fèk komanse egzistans li, li an devlopman. Nou te swete di Pòtoprens ki te dwe akeyi l yon orevwa senbolik : nou chwazi pwopoze de espetak ki kreye anba kout kreyon de enstitisyon kiltirèl ki manm Fabrik la : Asosyasyon Quatre Chemins et Konpayi BIT-Haiti.

Premye a rele « Chants de nègres ». Se Eliézer Guérismé ak Daphena Rémédor ki fè mizansèn lan. Dezyèm nan rele « Mes villes debout ». Se Guy Régis Jr ki fè mizansèn lan. Toulede espektak sa yo prezante vandredi ki te 20 fevrye a, 3è pm, nan Sant Kiltirèl Brésil-Haïti, nan Petyonvil.

Spectacle de lancement officiel de La Fabrique des Arts

CDA ._ Kòman Fabrik la wè tèt li nan 5 an ?

ML._ Mwen pa ka di w, m pa menm konnen. Antouleka, mwen swete l long vi. Mwen swete ke li pwodui anpil konpetans, anpil bèl kreyazyon ki jenere refleksyon sou nou menm, sou peyi a, sou mond lan, e ke, li ka rasanble nan espas li, yon kominote atistik.