Kat Blanch pou Céleur Jean HÉRARD | LANMOU AK PATAJ


Jean Robert ALEXIS

Mwen se yon plastisyen ki fè desen, penti ak  rekiperasyon. Mwen kòmanse nan domèn atistik la depi lane 1992 ak Ismaël SAINTILUS. Mwen vin antre ENARTS en 2012 epi mwen rejwenn mesye dam Granri yo; sa te edem apwofondi sam genyen pandan map ogmante pwòp palèt atistik mwen. Eksperyans ak pakou pèmèt mwen fè plizyè ekspozisyon Ayiti kou lòt bò dlo. Pou atelye sa ke map viv ak Céleur, ki se yon atis mwen frekante sou Granri kote nou tou lede ap evolye, mwen apresye apwòch li a kote li bay tout moun libète yo, kwak li gen yon liy lap swiv.

Nan domèn atistik la nou bezwen sa; santi ke nou ka kreye ak tout sa ki nan nanm nou, santi ke nou lib. Kote nou fè erè, nou mal kenbe zouti yo, li korije nou. Li ban nou teknik si nou bezwen kreye yon bagay an patikilye kwak nou pa gen eksperyans nan travay bwa, si nou vle ale pi rapid. Se de bagay ke nou tout te bezwen ; sitou mwen menm kòm atis, poum te ka ajoute yo sou teknik ke map itilize poum ale pi lwen nan travay mwen. Sa fè mwen gen yon apresyasyon espesyal pou Céleur ; li banm chans sa, pandan lap anseyem an tout senplisite. Se yon aprantisaj kap edem devlope lòt pwoje ansanm ak jenn ke mwen ap fòme yo. Yon jou mwen sèten nap rive kouvri tout peyi a.

Ricardo VALCIN

Mwen se yon eskiltè ki kòmanse nan domèn lan depi 2013. Mwen se elèv Lionel SAINT-ÉLOI. Mwen gentan patisipe nan 3 ekspozisyon déjà ; 2 nan Centre d’Art ak yonn Bèlè ke « Nou pran lari a » te òganize. Mwen te gen chans patisipe nan yon atelye ak Sebastine JEAN. Atelye  sa ak  Céleur se dezyèm okazyon poum aprann nan fason sa. Li edem wè eskilti nan yon lòt dimansyon. Map pèsevere gràs ak sa ke ‘Céleur aprann mwen yo. Se premye eksperyans mwen ak bwa, men mwen swete grandi ladann gràs ak atelye sa ki se yonn nan pi bèl eskperyans kem konsidere map fè.

Saradjeen Penina MIDY

Mwen se yon kreyatris bijou ki ap dirije ekip mwen antan ke dizaynè depi 4 lane. Mwen te pasipe nan yon atelye ak C3D pou jenn fanm sou tematik « Entrepreneuriat managérial féminin ». Se gràs ak yon konkou ki te fèt nan atelye sa kem te gen chans jwenn yon bous poum swiv kou penti nan Centre d’Art kòm premyè gayant. Mwen te konn desine avan sa men se ak M. Frantz ZÉPHIRIN ke mwen aprann anpil teknik e rive chita estil mwen. Atelye sa ak Céleur se yon lòt eksperyans ; travay bwa a pral edem bay yon lòt pèspektiv nan kreyasyon pam.

Mwen fè anpil rekiperasyon nan bijou kem fè ; ke se swa ak plastik, vye jeans, tout sa ke moun pa bezwen, mwen itilize yo poum bay yon lòt vi, paske mrenmen bay Lavi nan antouraj mwen.  Gràs ak atelye sa mwen jwenn yon lòt fason poum eksprimem. Céleur travay nan yon fason ki edem louvri vizyonm, sa pèmèt mwen tou dekouvri lòt atis, aprann de yo pandan ke map aprann ak yon potorik atis tankou Céleur. Mwen espere Centre d’Art ap jwenn sipò poul ka akeyi plis jèn nan pwochenn atelye a ; se yon chans pou nou chak grandi kòm atis. Map travay sou yon seri 12 ti estati ak rekiperasyon, se gràs ak sa ke maprann nan atelye sa ke mwen jwenn yon lòt fason poum defini sou ki lanse poum ale nan pwojè sa.

Photo en couverture: Feguenson Hermogène

Marie Flore MORETT,

chargée des publics et de la communication | Mai 2021