Un artiste à découvrir | Pétion JEANTY

Mwen antre nan Centre d’Art nan lane 99. Epòk sa nou te konn fonksyone 9h30 pou 4h la semèn, 9h30 pou midi le samdi. Depi premye jou travay mwen anojou, tout tablo ki nan sant lan sou responsablite m. Mwen okipe yo, prepare materyèl pou atis yo travay ak pou kou yo fèt. Jiskaprezan mpa jwe sou travay mwen.

Lèm fenk rantre nan sant lan, mwen rankontre Pè Chery, Idélus EDME, Etienne CHAVANNES, Chenet BURTON, Franck LOUISSAINT ak Jasmin JOSEPH. Tout gwo atis sa yo toujou ap dim on sèl bagay : « Pétion ou pa ka pa konn manyen penso. Tout travayè Centre d’Art fèt poul yon gwo atis ». Lè map renka kòm yo fèm swiv yo poum ka aprann kenbe penso, pran teknik poum rann koulè penti a nan janm vlel la. Menm PASKÖ ki te jenn gason alepòk te konn banm ankourajman.

Yonn nan lòt kado kem te jwenn anplis de fòmasyon nan menm mesye sa yo, yo te toujou respekte le fèt kem gen responsablite, le fèt kem pa tap touche gwo pou yo banm matéryel poum ka fè penti. Chenet BURTON konn menm rete lakay li, li depeche yon chofè pou pote penti pou mwen poum sa travay. Pè Chery ak Jasmin toujou banm penti tou. Idelus menm ki se monkonpèm toujou kenbem kout jouk no jou poum ka fè penti.

Poum diw byen, nan kòmansman mpat fin twò kwè kem tap rive lwen ak penti a. Mwen te konn chita sou penso mwen samdi ak dimanch lèm lakay men se sou katon mwen te kòmanse. Apre sa mwen vin fè minyati, nan ankourajman mesye yo mwen vin janbe sou twal. Epòk sa Miss MURAT, ki te direktris te vijilan sou sa kap pase nan lakou a. Depi li pran tan gade on bagay ou pote montre li epil di yon atis « Ankouraje » konnen ou gon kote ou ka rive ak sa wap fè a.

Se fòs li ban mwen, mete ansanm ak lòt atis yo, Jacques ak Franklin ki tap travay isi a, ki edem rive kenbe. Piti piti mwen vin gen chans vann tablo ki edem peye lekòl pitit mwen, menm rive peye kay mwen. Apre tranblemanntè 2010 la, mwen te vin pèdi on pakèt tablo. Gen moun ki te dim yap kenbe on pati lakay yo pou mwen poum ka vann yo, anojou mpa janm ni wè, ni tande yo. Men sa pat sèvim dekourajman. Lè sant lan vin rebanm plàs mwen poum travay, sèl konsolasyonm se paske mgen kèk tablo ki antre nan « Collection Permanente Le Centre d’Art ».

Nan lane mwen tap fè tablo, se te penti alwil ki te anvòg. Penti akrilik vin rantre sou mache a ki fè mte yon tijan bloke. Se monkonpè Idélus EDME ki ap edem souke kòm. Li toujou di : « Pétyon kijanw fè dim ou pa ka travay ak akrilik ? Yon atis sipoze travay ak tout materyo ki tonbe anba menl ! Toujou kenbe menm estil penti ou te konn fè a, poze sanw wap rive ansanm ak akrilik la menm jan ou te rive ak penti alwil la.

Mpa kache de diw, mgen dizan la se swiv map swiv atis yo lè yap travay ak penti akrilik poum kapab rive metrizel tou. Mwen fè titès. Map pran kap mwen poum kapab rive pwodwi on kat tablo ak penti akrilik. Paske mwen renmen penn. Mpetèt pa sanble on gwo zafè. Mwen petèt pa yo gwo non nan domèn lan. Men msèten sim pèsiste travay map rive kreye tablo ki bay moun anvi achte; tablo kap bayo kè kontan.

Ou ka konprann se pa tout lèm santi fòs kouray mwen, men depim konnen se nan Centre d’Art map vini, mwen gaya. Tan sa nap viv la lage nou nan yon koze travèse va, m’eskive blokis ak katouch poum vini kantmenm. Paske se la ki on gwo pati nan sous lajwa mwen. Mwen remensi sant lan dèske yo toujou kenbe men avèm. Mwen remèsiw tou paskew pozem tikesyon sa yo sou tablom yo. Sa vin banm on angouman anplis poum pare on tablo akrilik vin montre nou. 

Marie Flore MORETT
Chargée des publics et de la communication
communication@lecentredart.org