Un espoir de jeune artiste | Junior ÉMILE

Junior EMILE soti nan vil Gwomòn, ki sou depatman Latibonit. Li gen 25 lane epi li se dènye pitit yon fanmi 6 timoun. Li danse kole ak tout sa ki gen rapò ak kreyasyon, soti nan atizana pou rive nan penti. Lè li te gen 12 lane yo konsa, li te kòmanse fè desen ak Josué PIERRE. Pandan aprantisaj sila, li te jwenn sipò atis lokal tankou TCHILAH, Rossevelt CAMILLE, Benoit PROLELUS, Smith ST-HILAIRE, Jean ak Armand SAUL. Manman li te ankouraje sa paske dapre li menm se te yon bon mwayen pou li pa tonbe nan vagabondaj. Lionel GAUDET ki se yon franse ki te nan vil la, te aprann li maryaj koulè ak kèk nosyon nan sa ki rele pèspektiv.

Junior te vin mete ansanm ak 2 jèn parèy li pou yo kreye yon atelye, ki toujou ap fonksyone, kote yo te pwodwi tipyès latizay moun kapab achte ak yon ti monnen. Sikonstans fè ke li te ralanti sou pratike talan li pou aprann elektrisite ak enfòmatik, 2 zouti ki edel avanse ak depans nan lavi a. Se nan lane 2020, Junior vin gen chans retounen plonje nan penti gràs ak kou Le Centre d’Art ke Frantz ZÉPHIRIN dispanse. Se nan sesyon kou sa ke li ranje kèk feblès men sitou ranfòse sa li te deja genyen kòm talan, nan aplike sa li tap aprann yo. Dapre li menm, enspirasyon li pou kreye tounen nan peryòd li kòmanse frekante Sant Da.

Nan tout konvèsasyon li, Junior toujou ankouraje jèn parèy li aprann epi planifye lavi yo pou reyalize sa ki pi gran, sa ki pi bèl. Li pa pè sakrifis yo, se sa ki dapre pawòl li edel pran wout la soti Gwomòn pou rantre Pòtoprens chak wikenn pou li kapab swiv kou nan Centre d’Art. Sèl regrè li genyen, se manman ak papa li ki mouri san yo pa gentan wè li kap grandi kòm yon atis ki vle itil peyi li.

Junior EMILE se yon jenn gason rezève, ki respekte moun pandan lap pote yo mesaj lespwa dèyè slogan li ki se : Art pour la vie !

Crédit photo: Valérie BAERISWYL

Marie Flore MORETT

chargée des publics et de la communication | juin 2021